Danton Léger deklare komisè gouvènman Ocnam ilegal nan tèt Pakè Pòtoprens!

By Nouvel Pam • On juillet 1, 2017 • In Nouvèl, Sosyete Nouvèl, Sosyete 1

Pòtoprens, samdi premye jiyè 2017 (nouvelpam.com).- Ansyen depite Jean Danton Léger lage tout boulin nan dengonn komisè gouvènman Ocnam Clame Daméus, depi alatèt komisyon prezidansyèl la te mete nan rapò sou penitansye nasyonal la ke anpil koripsyon te fèt nan dosye prizonye Danton Léger te antere yo.

Nou raple Danton te fè gwo bri ak sa e li te menm voye paspò ak avoka li pou al mande pou yo tou met aksyon piblik an mouvman kont pwòp tèt li epi anpeche li kite peyi a. Men, pakè pat dakò resevwa gwo dosye lou sa.

Danton Léger, ke moun ap di li pral poze kandida pou senatè lwès, pa ret sou sa. Jodia li fè yon dividal gwo deklarasyon, kote li mete anpil kaka chat deyò sou dosye zam (kò deli) komisè Ocnam ta pran e distribye alòs ke menm komisè sa fè bouche yon sibstiti nan prizon pou menm aksyon sa.

Men, sa ki pi rèd la, Mèt Danton, ki te tou pwofite vin ak anpil prèv pou montre kòman lantèman yo te pase, tou revele ke nominaasyon Ocnam nan pat byen fèt e ke chèf pakè a pa legal nan pòs la.

Li eksplike gen kèk erè ki te fèt nan lèt nominasyon an. Malgre sa, prestasyon sèman te fèt ak tout enstalasyon. Se 3 jou de sa, otorite yo vin kouri bay retape lèt la, men jouk jounen jodi a, poko gen siyati ofisyèl anba lèt sa.

Ansyen palmantè a tou deklare ke tout zak Ocnam Clame Daméus poze nan tèt Pakè a pa gen okenn valè, se zewo bare!

*****************

Polisye bandi touye : Pitit ak madanm yo nan lari pou mande leta sonje yo

By Nouvel Pam • On juin 30, 2017 • In Nouvèl, Sosyete Nouvèl, Sosyete madanm polisye yo ki nan lari a( kredi foto Dieudonné ST CYR 0

Pòtoprens , vandredi 30 jen ( NP).- Aprè Anpil monte desann nan direksyon jeneral polis la, pale nan radyo, madanm polisye ki tonbe anba bal atoufè yo , òganize yon mach pasifik pou mande leta ankadre yo.

Ak timoun yo devan yo epi pannkat ki ekri revandikasyon yo , madanm  defen polisye ap atire atansyon otorite konsène yo sou peripesi y’ap pase ak pitit san papa sa yo , yo mande asistans sosyal pou tout fanmi polisye viktim yo.

Medanm sa yo ki regwoupe nan yon òganizasyon ki pote non Inyon Nasyonal fanmi polisye viktim ki an fonksyon (UNAFPOVIF) mande tou pou palmantè yo vote yon tèks lwa ki nan deja nan palman anfavè fanmi polisye yo .

Delmondo Charlemagne

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.