Norluck Dorlange

Pouki yon manm Elit Ekonomik Ayisyen an santi l endinye deske li konstate espektak manm Kazek ki ap prete sèman nan yon lang li pa menm metrize. Pouki yon manm Elit Entèlektyèl la te blije eksprime endinyasyon l anvan sa, lè Depite ak Senatè te bay menm kalite espektak sa a nan Palman an. Tout 2 te eksprime lawontèz yo yon fason. Pou yo se Peyi andeyò a ki ap frape nan pòt konsyans peyi Lavil la.

Mwen vle adrese m a moun ki, sou rezo sosyo yo, ap ridikilize Palmantè yo, Majistra, Kazek ak tout lòt otorite demokrasi neo-kolonyal la enpoze nou yo, ke nou ap rele dyòl sirèt, medyòk, enkonpetan, paske yo pa metrize franse. An patan, Franse se lang ansyen Kolon an. Woy! Pito m di Kolon an, paske li toujou kolonize Sèvo paske li kontwole program ki nan Lekòl Primè ak Segondè, Inivèsite a. Konpòtman Sosyal Elit la, Langaj, paske nou toujou refere nou mòd kolon franse yo, abiman yo, prononsyasyon mo yo, fason nou kenbe vè, kiyè, fouchèt ak kouto lè nap manje sou tab, pou nou konnen ki sa ki nòmal, ki admisib anndan sosyete a. Map raple m, te gen yon klas lekòl ki te rele « savoir-vivre ». jodia , lè m konsidere l, se te yon veritab seyans fòmataj pou antre nan moul kolonyal la, ki fè de moun ki pase nan lekòl sa a, sitwayen san idantite, san kilti, koupe ak rasin li. Se apati Lekòl lavil la menm, mòd klas sa yo, ki pral fòmate sèvo elit la pou l tounen enmi moun ki rete nan Peyi andeyò a, preske goumen pou elimine yo.

Mwen te pase nan lekòl sa a tou. Se Rechèch mwen nan Vodoun a ki te mennen m an Afrik ki pral fè m konprann nan kouman nou gen yon elit ki pa gen dimansyon pou l konprann wòl li.

Banm rakonte yon istwa. Gen yon lè an 2007, mwen te Cotonou nan yon salon kote moun ki te la yo, se te diplomat ak biznisman ki gen anpiiiil lajan. Pami yo te gen reprezantan/konsesyonè yon mak machin Japonè ki trè popilè. Misye reprezante omwen 2 konpayi entènasyonal lokasyon machin. Konvèsasyon an te konsantre sou rapò Lafrik ak Ayiti. Men, fòmataj fransè m byen rèd nan mouda m. Gen yon kote m rive, mwen lage yon fraz. « Vous, les Africains ». Biznisman sa a gade m nan je pou l te ban repons la.

« Ah bon, comme ça vous dites, Vous les Africains ». Epi misye pral fè m yon leson ki ta pral rantre byen fon nan kòlòwòs tèt mwen. Misye di li resi konprann dram ki ap pase Ayisyen yo. Se paske nouvèl sou Afrik yo, pase nan paswa medya Kolon an (konsa l di m) Medya kolon yo.(RFI, AFP, TV5, France 24). E nouvèl sou Ayiti vin jwenn yo tou a travè medya kolon yo. Epi li fè m yon revelasyon ke m pat atann. Li di m « nou têlman konnen wòl medya sa yo pa bò isi a », se pou sa an 2004, nan Benin, nou pat janm pran pawòl RFI yo oserye kont ansyen prezidan w la. Se pou sa nou te mande si yo pa jwenn kote pou yo mete l ke l vini lakay li O Benin. Paske nou menm Beninwa, nou konsidere tout Ayisyen kòm Beninwa paske se pitit zansèt nou yo ki te depòte pa vyolans kolon an mennen nou an Amerik.
Men Biznisman sa a ta pral fèmen dyòl mwen pou sware a ak pawòl sa yo. Misye di m « lè m gade jan w prononse R ou, ou prononse U ou yo, menm jan ak Kolon an, yon Afriken ka viv anndan l kouman Ayisyen te pase plis tan, plis mizè anba dominasyon fizik, kiltirel, langaj e san dout, pataje vye vis, konpòtman oten kolon an. » Se lè sa a li aprann mwen: « pa gen okenn lang Afriken ki gen son U ak R. Se pou sa majorite Afriken prononse R tankou L, epi bouch yo pa ka byen fèmen pou fè soti son U a ki nan lang Kolon an ». Se vre. Ayisyen pase 300 zan esklavaj + 200 lane nekolonizasyon. Tandis ke yo menm nan Dahomey, se 1895 dominasyon kolon franse a te koumanse. Li dire anviwon 50 lane kolonizasyon e preske 50 lane dominasyon neo-kolonyal ak anpiiiil rezistans.

Istwa sa a mwen rakonte a, louvri je m sou maladi divizyon sosyete a ak kriz idantite ki kreye lakay nou menm Ayisyen apati de sistèm edikatif ak relijyon an. Sa ki produi yon bann moun ki pap janm sitwayen Ayiti paske, fòmataj la fè yo reprodui konpòtman kolon franse ou sitwayen an tranzit. Vizyon yo tou vin tounen vizyon Kolon an: Mas moun yo dwe rete esklav nan plantasyon. Se elit sa a ki te negosye pou voye al vann yo mas ki pat entegre yo, kirete nan peyi andeyò a, nan plantasyon kann Kiba ak Sendomeng, fè de yo ouvriye Faktori, fòse mas laa peye pou edikasyon (edikasyon ki ap detrui yo a wi souple?), Jodia, elit la negosye pou yo al Chili, Brezil, Ekwatè… Sila yo ki ap kritike sou medya sosyo, yo pa konnen, Ayiti se sèl peyi nan mond la ak Zimbabwe ki pa garanti Lekòl Primè ak Segondè gratis, pou tout timoun ki vle al lekòl.

Pinga nou jije yo moun yo pou dyòl sirèt. Dyòl sirèt pa ka sèvi kòm mezi pou mezire entèlijans. Yo senpman dè moun ki pat sibi fòmataj konplè pou te reprodui fason pale Kolon malfektè. Yovo da yo. Norluck Dorlange

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.