Yon vodouyizan se dabò yon Ayitien ak santiman e ideyoloji men se tou yon patriyòt ki plase enterè Ayiti, manman l, anlè tout lòt bagay. Tout Ayitien vodouyizan dwe renmen Ayiti, konpatriyòt li yo e dwe toujou wè byennèt tout moun. Rayi youn lòt pa nan enterè Ayiti.

Si w vodouyizan w dwe renmen Ayiti pase tèt ou paske vodou siyifi Ayiti (Philippe Charlier, 2020). E lèw renmen Ayiti, lanmou sa a blayi sou tout konpatriyòt, menm sou dirijan ki ka fè peyi a anpil mal. Pwovèb la di rayi sa dirijan an fè, pa moun nan.

M pa e m pap janm lavalas. M menm te batay kont pouvwa lavalas ant 1991-2004 dirije pa Jean Bertrand Aristide et René Préval. M andezakò politikman ak de dirijan lavalas sa yo pou anpil tò yo koze a peyi a men Aristide e Préval se de frèm, m renmen yo tou de. Preval kite nou.

Kòman w pou vodouyizan pou rayi, deteste frè w ak sè w ki gen menm manman ak papa avè w. Nou tout se pitit Dantor menm si wal legliz kolon an. Nou ka fache, goumen menm, men nou dwe toujou rete yon sèl fanmi. Fanmi se ne kann. M ponkò janm pa renmen moun, menm sila yo ki fèm mal. M rive konprann se ignorans, jalouzi ak mechanste ki fè moun fè moun mal.

Nou pi fò se desandan Toussaint Louverture prekisè a, Jean Jacques Dessalines liberatè a, Henri Christophe batisè a. Men nou konnen desandan Alexandre Sabès Pétion, Jean-Pierre Boyer, Juste Chanlatte elatriye se frè ak sè tou paske Papa Dessalines te deklare sou bout tè nou tout « jenerikman nwa ». Se desandan arab yo ki pa fanmi e ki pa janm fanmi, nou pa melanje.

Nou konnen Henri Christophe te konplote ak Alexandre Sabès Pétion e Franmason yo pou asasinen Papa Dessalines. Nou fache, nou denonse zak kriminèl sila-a ki kanpe lendepandans lan e kontrarye pwojè sosyete premye anperè a nan Amerik la, Jacques 1e. Annou aprann renmen youn lòt, Ayiti pou nou tout, eritye nou tout ye.

Doktè Jean Bertrand Aristide tankou François Duvalier e Jovenel Moise komèt krim kont Ayiti, manman nou tout. Pi fò lavalas rayi Papadòk poutan m wè yo damou diktatè lòt peyi, e menm fè elòj yo. Anpil makout ak PHTK tèlman rayi Jean Bertrand Aristide yo fè dyagnostik maladi l e mande lanmò pou li. Menm moun sa yo ap defann Jovnel Moise, yo vle l avi opouvwa. Se Ayiti nou rayi, se pa Moise, Aristide ou Duvalier. Èske nou ka defèt mal yo?

Poukisa Ayiti pa priyorite pou nou tout tankou fanm gason vanyan Sabine Philippe, Yvrose Celestin, Jean Garry Astrel, Ernst Vilsaint, Stacy Williams, Astryd Dorelien, Erick Thompson, Grace Lee kap negosye lavni peyi nou nan Washington. Sa se yon gwo prèv lanmou.

Sou dezyèm rankont yo ak depatman deta ameriken, yo rive fè tande vwa Ayiti ki ekzije yon tranzisyon ripti paske pèp la pa pral nan eleksyon/seleksyon ak Jovenel Moise an pwolongasyon manda depwi 7 fevriye 2021.

M kwè fòk nou fè yon gwo pwosè kont tout dirijan ki fè krim finansye ak koupe lavi moun nan peyi a. M pou restitwe tout lajan otorite yo vòlè nan trezò piblik, e m pou reparasyon finansye pou tout fanmi k viktim kont pouvwa sanginè yo. Pi gwo sakrifis nou tout ka fè pou manman nou Ayiti se rekonsilyasyon nasyonal la. Se « seremoni lave peche » a kap pote chanjman anpil nan nou vle a. Nou tout pap janm dakò. Gen blesi ki fre, gen k pa geri.

M swete depatman deta ameriken tande rezon e nan twazyèm rankont yo ak diaspora Ayiti a sou eleksyon e tranzisyon ripti a. Nou rekonèt chanjman an se pa chanje gouvènman men se konstriksyon yon vizyon ak strateji klè. Nou pa gen yon plan kolektif kisa pou n fè si Washington dakò tranzisyon an. KONKA pwopoze Jean Bertrand Aristide e Jean Fils-Aimé, yon Tijan Dantò ak yon Tijan Loran pou rekonsilye nachon an nan tranzisyon an. Aristide pap mouri.

Anpil èn nan mitan nou, nou menm swete piblikman lanmò frè ak sè nou paske nou gen dezakò ak yo. Si Jovenel Moise merite lanmò pou krim kont peyi a, se pa mwen ou wou k pou kondane l e ni pou mande lanmò pou li. Se enstitisyon ki pou deside e se loa Ginen yo ki pou koupe lavi l. Annou aprann renmen, mete Ayiti anlè nou tout pou n chanje peyi nou. Se wout linite nan divèsite a, rekonsiklyasyon ka ede konstwi lòt Ayiti a.

Kreyolofoni#48, jiyè 2021

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.