GRAN LAKOU VODOU DAYITI

Leramy Peterson 

Yon lèt remèsiman de senserite, Ak tout kretyen haitien.

Jodia se yon plezi poum di nou mèsi, yon gran mèsi pou lanmou ak senserite nou nan objektif sove nanm mw.

Mwen konnen gen anpil nan nou ki sensè nan sa nou ap di nan sa nou ap fè, mw ekri tèks sa poum di nou mw menm avèk nou pa ennemi, mw raplem 6h du matin mw te konn ap tande vwa nou ki ap rele zanmi vin jwenn jezi, e mw te koute nou mw te fè sa nou mandem nan ak tout kèm, nou te banm kèlke vèsè ki pou fèm obeyi kwè pa poze kesyon sou otorite Bondye.

Nan jenèz nou aprann mw kuryozite se peche, e aprè tout analiz, mw fini pa konprann ke kuryozite se fason mond lan evolye , nan rechèh ak experyans, sa vin ogmante plis kuryozitem , lè mw kòmanse poze kesyon nou menm di se Dyab la kifè mw ap fè move ide sa yo, kuryozite mw voyem nan istwa bib la , pandan mw tap chache konprann istwa bib la mw te profite fè rechèh sou plizyè lòt relijyon ak ansyen sivilizasyon, se lè sa mw kòmanse konprann pinga ki gen nan bib la , paske surman òganizisyon sa ki ekri bib la konnen ke tou manti pa fon.

Mw vin aprann nan peyim gen plizyè sosyete sekrèt , jodia mw vle pataje yon ide avèk tout kretyen, : eske nou pa santi li bizar lè nou akize vodouizan ak plizyè lòt sosyete di yo se Dyab yo pajanm fè nou repons, nòmalman lè yon moun akizew ou ta supoze defann tèt ou, ou pa santi akize yo pajanm defann tèt yo, jodia mw pap pale nan nom okenn tip de kwayans men nan nom yon haitien konsyan ,mw vle ou konnen tout akize ki pa defann tèt yo se paske yo viv de inyorans ou, lè ou di yo gen Dyab ki bay lajan otomatikman ou voye yon group moun ki materyalist al jwenn yo, kidonk ou lage nan fè kanpay gratis.

Menm jan anpil nan nou ki ap tande oubyen gade mesaj mw , nou panse se Dyab kifè map aji konsa, se menm jan an lè mw ap gade nou mw ap gade chèn ki nan lespri nou, jodia mw vle ou konsyan e konnen pastèw la gen bagay li konnen li pata renmen ou konnen yo, paròl li pale avèm se pa menm paròl li pale avèw, anpil nan yo testem lè yo fin tandem yo dim  » janm wèa nenpòt moun paka ba ou levanjil la non » sa toujou fèm santi se inosan yo ap chahe moun ki pa nan poze tròp kesyon.

Mw wè anpil nan nou fyè lè nou ap pale de bib, paske nou santi yon esprit de apatenans nou santi nou fyè nou fyè ke nou fè pati de yon mistè, jodia mw vle nou konnen ke bib la se yon opinyon de kijan syèl la ak tèa kreye, yon opinyon de existans lòm, de kisa lòm konpoze, se yon opinyon menm jan ak mesaj sa ou ap li nan moman sa, lè ou fin li ou ka di ou dakò oubyen ou pa dakò.

Mw pa mande pou ou kwèm, men mw vle fè ou yon kado jodia, al fè rechèh sou istwa Annunaki al gade, istwa egypsyen yo, al gade mitoloji grèk yo, fè rechèh sou istwa constantin, concile de nicée, al li sheik anta Diop, sise tout bon ou vle pale verite, fòk ou aprann istwa, e mw pakwè sa ap deranjew, men si ou santi ou konfòtab nan inyorans ou toujou repete menm sa ou konn repete yo sa depann de ou.

Pa bliye mw renmen nou anpil.

Verite pa chache zanmi.

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.