Editoryal Mwa Dawou 2022

Le Novateur.-

Yon gè sivil andedan Etazini pa enposib… M pa swete lanmò pèsonn ankò mwens prezidan yon lòt peyi tankou Etazini menm si prezidans Joseph Robinette Biden nan fè anpil tò a Ayiti. Men anba anba nan plizyè enstitisyon amerikèn, nan kèk anbasad peyi oksidantal e nan direksyon jounal Kreyolofoni an nan Nodwès peyi Dayiti, koze sa a fè deba. Dayè, se pa yon sekrè, prezidan repibliken Gerald Ford te predi avènman yon prezidan ak yon visprezidan kap yon fanm, e preizan ap mouri sou pouvwa a. Men prezidan Ford pat di tou visprezidan ap yon fanm nwa. E si prezidan ameriken an Joseph Robinette Biden ta fè vòl pou peyi san chapo, sa kap pase? 

Èske lemonn ka atann a yon evantyèl gè sivil andedan Etazini? Prezidan ameriken an nan mwens pase yon mwa teste pozitif de fwa pou Kovid-19 malgre li te pran de dòz vaksen an. Se yon move sign paske « Centres pour le contrôle et la prévention des maladies » dirije pa Antony Fauci te deklare « tout moun ki pran vaksen (buster) a pap jann enfekte ». Doktè Fauci enfekte e Biden de fwa nan mwens pase yon mwa. E si Kovid-19 ta koupe lavi prezidan ameriken an, sa kap pase andedan Etazini?

Plizyè lòt pwoblèm stresan e imilyan kapab pouse prezidan Biden pran kontak ak konpè lanmò ki pa konn ni nwa ni blan, ni prezidan ni sivil. Youn, kot popilarite prezidan Biden anba 35% sa vle di majorite ameriken kwè patwon mezon blanch lan ap mal dirije Etazini si nou ka fè konfyans a plizyè sondaj andedan amerik etwale a. De, selon jounal kotidyen ameriken New York Times, plis pase 60% demokrat andedan Pati Demokrat la pa dakò pou Biden kandida an 2024. Yo pa vle Kamala Harris pou reprezante pati demokrat lan, ki se yon dezas. Li pa sanble yo. Nou konprann. Yo te itilize l pou l te ka motive elektora nwa a vote Biden. Lagè nan peyi Ikren lan pwovoke pa Etazini ak silans peyi OTAN yo bay nesans a yon mond miltipolè selon plizyè analis politik e dominasyon politik etranjè oksidantal la sou rès mond lan rive nan bout li.

E sitou selèb òdinatè Hunter Biden revele toujou, selon New York Times, pase 30 reyinyon komèsyal ant 2008-2016 ak Vis-prezidan Biden sou administrasyon Barack H. Obama alòske prezidan Biden demanti li ak pitit li pa janm gen reyinyon komèsyal. Trafik denfliyans ki gen dwa gen gwo enpak sou sekirite peyi a. Ann swiv. Eleksyon mi-manda mwa Novanm yo, selon plizyè sondaj, revele repibliken yo gen anpil chans pran kontwol tou de chanm yo, gen dwa fè Biden pèdi somèy lannwit. Jan demokrat yo te pwofite pouvwa lejislatif yo pou mete prezidan Donald J. Trump an akizasyon de fwa pandan manda l yo, repibliken yo, si yo an majorite nan de chanm yo, kapab pwofite menm jan an tou mete Biden an akizasyon pou tèt li bay manti a pèp ameriken an.

Èske yon bagay konsa pa ka kondwi a destitisyon yon prezidan an sitou si se yon menas a sekirite peyi a. E si Kovid-19, rejè pati politik li pandan tout karyè l e sitou posibilite pou repibliken gen kontwòl Kongrè ameriken an ta koze deteryorasyn eta sante preziden Joseph Robinette Biden e kondwi l andedan simetyè Harlington. Kòman klas politik la, ap resevwa nouvel sa a? San pase pa kat chemen, sap yon tranbleman latè andedan pati demokrat la e yon gwo viktwa pou repibliken yo ki pa janm asepte Biden kòm prezidan yo, sitou Trumpis yo ki kwè systèm elektoral la detwone Trump pou bay Biden prezidan.

Konstitsyon an klè kon dlo kòk nan seksyon 1, 25e amandman an, sou koze vid prezidansyèl la. Klarifye an 1967, Konstitsyon an spesifye: « Si gen revokasyon, lanmò ou demisyon, visprezidan an vinn prezidan ». Konsa, visprezidan Kamala Harris ta dwe otomatikman prezidan Etazini si Joe Biden ta mouri. John Adams, premye visprezidan Etazini prezante fonksyon sa-a tankou « ki pli ensiyifyan lespri imen janm konsevwa ». Fonksyon visprezidan an se pou l prezide Sena a, tranche lè gen egalite vot e sitou ranplase prezidan an sil enkapab. Men l se yon fanm nwa? Èske blan yo nan de pati yo ap asepte Kamala Harris, premye fanm nwa, prezidan Etazini Damerik.

Te gen pale anpil deja ki te fè kwè Madan Jill Biden pat vle madan m nan pou kolistye mari l. Menm nan kominote nwa yo, manzè pat fè inanimite paske l te konn dekri tèt li kòm yon endyèn olye de yon nwa dorijin afrikèn. E popilasyon amerikèn nan sa lap di, sitou Trumpis yo. Lanmò Joseph Robinette Biden pa yon enposibilite menm si direktwa jounal mansyèl Kreyolofoni swete yon lavi long a prezidan ameriken an. Konsa tou, Francisque ki ekri editorial sa a tap bay yon souri jòn a lanmò a paske Biden ap fè Ayiti monte lesyèl pado.

E m estomake nan konplisite Etazini nan asasina prezidan Jovenel Moise, menm sil se te yon « homme de service ». E si prezidan Biden ta mouri ou ta nan enkapasite dirije Etazini? Èske Kamala Harris ap tou prezidan? Èske n’ ka asiste a yon gè sivil? Sa ki la ka wè l.

Edito Mwa Dawou, #61, 2022

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.