Retire nanm lan ki anndan yon moun

GRAN LAKOU VODOU DAYITI

Adrien Adou Odnice  ·

Men kouman pou retire nanm lan ki anndan yon moun.

1) w’ap bezwen 7 fèy ave 7 rasin ave

2) w’ap bezwen bwa mouri leve

3)w’ap bezwen bwa nanm

4) w’ap bezwen 7 tèt lay vyolèt

Mete tout bouyi bay moun lan bouyil bay moun lan bwèl pandan 3 fwa nan yon jounen

Aprè beny lan moun lan ap achte yon diven wouj li prale nan yon kav ou byen yon simetyè abandone pou li al di li geri li oa dwe ankò lap depoze diven an epi vin temwanye isit lan fanmi.

Aprè 7 jou wp bezwen

1) 7 fèy ave

2) 7 fèy gwayav

3) 7 fèy lila

4) 7 bou lalwa

5) 7 fèy lougawou

6) 7 fèt pa janbe

7) 7 ti moso savon nan yon kivèt blan.

Ou pral fè yon beny pou li.

Men avan beny la ou dwe fèl bwè 7 gòje dlo

 

***********************

Flanke yon malveyan deyò nan kay ou ki pa vle peye’w

GRAN LAKOU VODOU DAYITI

Adrien Adou Odnice

Pou flanke yon malveyan deyò nan kay ou ki pa vle peye’w. Ou pral nan yon simetyè w’ap fè ansòt ke midi pran’w anndan simetyè a. Pou rantre w’ap leve pye goch ou epi w’ap di mo sa *ezus ou ezous*. Men avan’w rive nan simetyè a konnen gen yon kafou pou pase lèw rive nan kafou a w’ap di *èdòm* men avan ou rantre nan simetyè achte 3 zepi mayi pou ale nan simetyè ou pral nan pye bawon w’ap di sa. *Se lakay ou ki gen kay san peye. Men kay pam lan mwen te redi fè a mwen wè entèl (site non moun lan) pranl li pa vle peye’m lan. Mwen pral lakay mwen ak manman poul sa ak tou pitit mwen pral mete’l se pou voye zye sou li maten midi swa pou mwen e pwotejel* aprè ou soti wal nan lakou kay sa ou te anfème mou lan ou rantre nan lakou w’ap grenn mayi a epi w’ap di *kit kit kit kit kit* pou jis ou fin grennen tou. Moun sa chak li nan kay lan se pou l tande manman poul nan lakou a ak tout pitit kap rele kitkit. Koul fin kite kay lan. W’ap achte yon boutèy rhum pote bay bawon pou dil mèsi dèskel te mete moun sa deyò pou ou, jodia mwen pote manman poul la ba ou. Men li ap mande pou fè sa ak yon moun de konfyans pou siw ta mouri pou moun lan kapab defèt kou a pou ou.

Kou sa se jou lendi pou li fèt.

Bon lanjelis ak nou tout pitit ginen an.

***********

Réflexion loufoque#790, 13 jen 2021

Moise depedale, retrakte sou lòbèy referandòm li an

Jou m rete ak moun, se pou agawou lefan kase kou m. Men m respekte tout moun kèlkeswa klas sosyal l yo. Nou tout ponkò moun nan peyi Dieu Salines lan. Malereman.

Jou m ta choul kolon an pou l kòmande m kraze peyi m, touye frèm ak sèm anba grangou, vyolans e ensekirite, se pou papa Dieu Salines touye m. M fèt nan yon paradi.

Ayiti gen yon ansyen prezidan ki rele Jovenel Moise an rebelyon ak manman lwa peyi a depwi 7 fevriye. Mesye a ki se yon mons obsede nan yon zafè referandòm pou chanje konstitisyon peyi a. Ayiti se pou mesye a l ye.

Referandòm ranvwaye pa yon CEP ilegal e ilejitim pou Kowonaviris kap fè ravaj nan kapital peyi a. CEP zenglendo a deja fikse dat eleksyon pou 27 septanm san konsantman pati politik yo ki pa rekonèt mesye-a pou prezidan e vle yon gouvènman tranzisyon.

OEA debake, Jovenel Moise depedale e retrakte sou zafè lòbèy referandòm lan. Patwon mesye-a ta sanble mande l bwè mesaj li-a sou paj li. Dieu Salines bout tè sa sa a pou wou ankò?

Ala frekan, desandan Dessalines, Cappoix, Louverture e Christophe kap fè choul kolon. Ala desamaza. Gade ki jan mesye a kraze peyi nou an ki se yon paradi.

RL#790, 13 jen 2021

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.