Wilkens Gilbert·

Bonjou tout moun.

Mwen fè pòs sa poum pote kontribisyon pa m nan sansibilizasyon tout moun sou danje maladi kovid-19 la trennen ak li. Mwen reyalize tròp moun ap neglije Kowonaviris la toujou alòske maladi a gaye.

Tanpri pa fè tèt di! Kowonaviris se yon gwo malè pandye sou tèt nou!

Se yon maladi ki mètdam anpil! Li manke pote m ale nan semèn ki sot pase yo la.

Ban m rakonte w sa ki rive m.

Mwen rantre Ayiti nan dat 20 Me avèk yon tès PCR negatif ki te fèt nan dat 19 Me. Vwayaj la te long anpil men lè nou rive nan ayopò a se tèt chaje, moun sou moun, pa gen mask, pa gen distans fizik. Mwen pa sèten ke se la mwen te enfekte men se la mwen te plis ekspoze.

Mwen te reprann aktivite m touswit nan dat 21 Me malgre anpil fatig. Moun ki konnen m kapab konprann kijan nivo aktivite m anpil.

Nan dat madi 25 se anba gwo difikilte m te rive kenbe aktivite ansèyman nan fakilte. M te kòmanse santi m fèb ak gwo fatig epi tèt fè mal. Mwen pa t janm gen sentòm espesifik mwen te kenbe gou bouch mwen e mwen pa t janm pèdi kapasite pou m pran odè. Kidonk mwen te panse ak yon sendwom lagrip ki jwenn mwen trò fatige.

Sitiyasyon mwen pral dejenere ak yon lafyèv sibit epi m kòmanse touse sèk ak gwo doulè ensipòtab nan nivo pwatrin mwen.

Lè mwen wè se konsa m te deside al refè yon lòt tès kowona nan dat 30 Me ki soti negatif! Sa te vin banm ti dout paske eta mwen te kòmanse degrade tout bon.

Nan vandredi matin 4 Jen m pa t ka kanpe ditou. Mwen te tonbe atè preske pèdi konesans nan chanm mwen. Se an ijans m fè deplase avèk mwen pou tou fè radiografi ak lòt tès examen ki montre ke Kowona ta p devore poumon mwen.

Rapid vit Kòlèg Doktè mwen deside entène mwen lopital a ijans anba oxygèn pou konbat etoufman grav sila.

Jounen jodi a mwen fè gwo pwogrè. Mwen pa bezwen oxygèn ankò pou m respire. Mwen pa touse anpil, m pa gen lafièv ankò. Mwen rive manje aprè plis ke yon semèn.

Chòk sikolojik maladi a pa piti men m te kenbe fèm ak sipò fanmi m pou nou te ka travèse eprèv sa.

Mwen di Bondye granmèt la mèsi, mèsi ak madanm san parèy sa mwen genyen. Mèsi ak tou ekip loptal HBLM nan ki te mobilize sou lidèchip Doktè Jude Jean Jacques pou pèmèt mwen retabli.

 

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *


The reCAPTCHA verification period has expired. Please reload the page.